Òganizasyon sosyete sivil ayisyen · Dammari

Pou sekirite alimantè, rezilyans klimatik ak otonomi fanm riral yo.

EWAYITI travay ak jèn ak fanm nan zòn riral Dammari, yon kote ki ekspoze anpil devan risk klimatik.

Atelye ManyòkJèn manman riral Dammari
Nimewo anrejistreman
3439
Fonde
Me 2022
Kote
Dammari, Grandans, Ayiti
Sou nou

Yon eritaj pou bati lavni

Eritye Wozo Ayiti (EWAYITI) se yon òganizasyon sosyete sivil ayisyen ki pa gen bi likratif, fonde nan mwa me 2022 nan Dammari.

Dammari se yon zòn riral ki ekspoze anpil devan risk klimatik. Se la nou travay pou ranfòse jèn ak fanm yo, ak yon ankadreman pou kilti, dwa moun ak byennèt kominote a.

Fegens Louis JeuneFondatè · atis, powèt ak mizisyen rap ayisyen

Jèn ak fanm riral

Ranfòse otonomi jèn yo ak fanm riral yo.

Kilti ak dwa moun

Defann divèsite kiltirèl, dwa moun ak byennèt kominote a grasa atizay ak kilti lokal.

Anviwònman

Inisyativ anviwònmantal ak jesyon fatra plastik, tankou pwojè “Jeunes Mères Écocitoyennes de Dame-Marie”.

Aks : Sekirite alimantè

Atelye transfòmasyon manyòk

“Atelye transfòmasyon manyòk pou sekirite alimantè ak rezilyans klimatik nan komin Dammari.” Transfòme manyòk, chanje lavi!

  • 20 jèn manman riral benefisyèSoti nan 5 seksyon kominal yo ak sant vil Dammari.
  • Transfòmasyon manyòkPwodiksyon farin, kasav, bonbon ak lòt pwodui dérive lokal.
  • Fòmasyon pratikAgwo-transfòmasyon, jesyon ti antrepriz, agrikilti rezilyan, ak yon atelye ekipe ak moulen ak sechwa.
  • Enpak pou kominote aOtonomi jèn fanm yo, valorizasyon pwodiksyon lokal, kreyasyon opòtinite ekonomik ak ranfòsman sekirite alimantè.
Patnè ak sipò

Ansanm pou ale pi lwen

EWAYITI jwenn sipò nan men Nasyon Zini epi travay ak òganizasyon lokal.

PBF

Fon Konsolidasyon Lapè Nasyon Zini

OHCHR

Biwo Wo Komisè Nasyon Zini pou Dwa Moun

FOKAL

Fondation Connaissance et Liberté

Chat Klima

Siyatè Chat Klima depi janvye 2026

Nou ouvè pou tout esponnsò !Ou vle sipòte travay nou an oswa fè patenarya ? Ekri nou.
Ekri nou
Ekip konbitè

Moun ki dèyè pwojè a

Ekip pwojè Atelye Manyòk la, aks sekirite alimantè.

XJ
Xavier JohnsonDirektè pwojè
OB
Ostin T.T. BeerSwivi ak evaliyasyon
SK
Sejour KervensResponsab swivi ak evaliyasyon
SS
Souiaque SidneyKontab
AM
Ange Marie MoiseFòmatris lidèchip feminen
PD
Pierre DoubyAgwonòm, fòmatè transfòmasyon manyòk
GS
Gregory SamedyAgwonòm, fòmatè transfòmasyon manyòk
MM
Michel Max D.Fòmatè, asistan lojistik
LM
Lapointe MichenaSansibilizasyon ak mobilizasyon kominotè
JF
James FrancisqueSansibilizasyon ak mobilizasyon kominotè
RS
Robenson Saint IlesSansibilizasyon ak mobilizasyon kominotè
JM
Jean Baptiste MedjinaSansibilizasyon ak mobilizasyon kominotè
PD
Perpy DaphcaSansibilizasyon ak mobilizasyon kominotè
MR
Maxon RevolusSansibilizasyon ak mobilizasyon kominotè
AL
Alcin Mayken L.Responsab ekip benevòl
MJ
Michel JohnDirektè lojistik
Kontak

Ekri nou

Yon kesyon, yon pwojè, yon vle patisipe ? Nou reponn pa imèl oswa telefòn.

Bouton sa a louvri aplikasyon imèl ou ak yon mesaj ki pare pou voye bay info@ewayiti.org.